Search This Blog

Monday, September 13, 2010

CHOUKOUN

by Michel Mauleart Monton with lyrics from a poem by Oswald Durand
1. De`ye` yon gwo touf pengwen 
Lo`t jou mwen kontre Choukoun
Li souri le` li we` mwen
Mwen di: "Sye`l, ala be`l moun!" 
Li di: "Ou trouve sa che`?"
 Chorus: Ti zwezo nan bwa ki t' ape koute 
 Kon mwen sonje sa
 Mwen genyen lapenn
 Ka depi jou-sa
 De pye mwen nan chenn

2. Choukoun se yon marabou
Je` li klere kou chande`l
Li genyen tete debou
A si Choukoun te fide`l 
Nou rete koze lontan
 Jis zwezo nan bwa te pare`t kontan 
 Pito bliye sa
 Se two` gran lapenn
 Ka depi jou-sa
 De pye mwen nan chenn

3. Ti-dan Choukoun blan kou le`t
Bouch-li koule` kayamit
Li pa gwo fanm, li gwose`t
Fanm konsa ple` mwen touswit 
Tan pase pa tan jodi!
 Zwezo te tande tout sa li te di 
 Si ou sonje sa
 Yo dwe nan lapenn
 Ka depi jou-sa
 De pye mwen na chenn

4. N' ale lakay manman-li
Yon granmoun ki byen one`t
Sito li we` mwen li di:
"A mwen kontan sila-a ne`t" 
Nou bwe` chokola nwa
 Eske tout sa fini, ti-zwezo nan bwa 
 Pito bliye sa
 Se two gran lapenn
 Ka depi jou-sa
 De pye-mwen nan chenn

5. Yon ti blan vini rive
Ti bab wouj, be`l figi wo`z
Mont sou kote, be`l chive
Male`-mwen, li ki lakÚz (x2)
Li trouve Choukoun joli
 Li pale Fwanse, Choukoun renmen li 
 Pito bliye sa
 Se two gran lapenn
 Choukoun kite mwen
 De pye-mwen nan chen

No comments:

Post a Comment